Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? an, epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Liv Koute Gran Anseyan an. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si nou pa genyen l, nou ka ofri liv Approchez-vous de Jéhovah a oswa Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi.
◼ Piske mwa septanm nan gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2007, Index des publications de la Société Watch Tower pou 2007 ak tout CD-ROM Watchtower Library — 2007 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. N ap jwenn lis lang piblikasyon sa yo disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ” yo voye chak mwa a. Se pou nou sonje CD-ROM Watchtower Library — 2007 la se pou moun ki batize yo fè yo, e yon moun ka jwenn li sèlman pa mwayen kongregasyon an.
◼ Nan yon reyinyon sèvis nan mwa desanm nan, nou pral egzamine DVD Jehovah’s Witnesses — Organized to Share the Good News. Si sa nesesè, osito sa posib, nou kapab kòmande l pa mwayen kongregasyon an. Si kongregasyon yo pap gentan resevwa DVD a nan dat sa a, filyal la ap ba yo enstriksyon sou sa pou yo fè nan plas patisipasyon sa a.
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2008 la nan semèn 31 mas 2008. Y ap voye tit diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan semèn 31 mas la.
◼ Siveyan prezidan an, oswa yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an pou mwa jen, jiyè ak out. Lè yo fin fè verifikasyon an, y ap fè yon anons bay kongregasyon an apre yo fin li rapò sou sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).
◼ Men lis Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove : Machan Desalin, Bwason, Pon Sonde, Plèn di Nò, Kay Jakmèl, Vèrèt, Lenbe, Sen Mak, Wanament.