Repons kesyon w yo
◼ Èske “ esklav fidèl ki prevwayan an ” apwouve gwoup Temwen k ap reyini poukont yo pou yo fè rechèch oswa deba sou Bib la ? — Mat. 24:45, 47.
Non, li pa apwouve yo. Plizyè kote nan monn nan, gen kèk moun ki asosye ak òganizasyon nou an ki fòme gwoup pou yo fè rechèch poukont yo sou sijè ki gen rapò ak Bib la. Gen gwoup k ap fè etid apwofondi sou lang ebre ak grèk Bib la itilize dekwa pou yo ka analize si Traduction du monde nouveau a egzak. Gen lòt k ap fè rechèch sou sijè syantifik ki gen rapò ak Bib la. Yo fè sit Entènèt, yo kreye espas pou moun vin chat pou pataje pwennvi yo. Yo òganize konferans e yo pwodui piblikasyon pou prezante dekouvèt yo fè e pou bay plis enfòmasyon sou sijè ki gen nan reyinyon nou òganize nan kongregasyon yo e sou sijè ki nan piblikasyon nou yo.
Toupatou sou tè a, sèvitè Jewova yo ap resevwa bonjan enstriksyon ak ankourajman espirityèl nan reyinyon yo, nan asanble yo e nan piblikasyon òganizasyon Jewova a pibliye. Jewova sèvi ak lespri sen l ansanm ak Pawòl li ki se verite pou l bay sèvitè l yo tout sa y ap bezwen dekwa pou yo tout kapab “ byen ini nan menm panse, nan menm opinyon ” e pou yo rete “ stab nan lafwa ”. (1 Kor. 1:10 ; Kol. 2:6, 7.) Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou dispozisyon espirityèl Jewova pran pou nou nan dènye jou sa yo. Se sa k fè, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pa apwouve jan de piblikasyon, reyinyon, oswa sit Entènèt sa yo ki pa fèt anba sipèvizyon l. — Mat. 24:45-47.
Se yon bon bagay lè gen moun ki vle sèvi ak kapasite refleksyon yo pou yo soutni bon nouvèl la. Sepandan, rechèch pèsonèl yon moun pa ta dwe ekate l de sa Jezi Kris ap akonpli jodi a pa mwayen kongregasyon l lan. Nan premye syèk la, apot Pòl te bay avètisman pou moun pa konsakre yo nan sijè k ap pran tan yo e k ap fatige yo, sijè tankou “ jeneyaloji, bagay ki pa itil anyen, men ki soulve kesyon pou moun fè rechèch olye pou yo anseye yon bagay ki sot nan Bondye, yon bagay ki gen rapò ak lafwa ”. (1 Tim. 1:3-7.) Tout kretyen dwe fè efò pou yo “ evite diskisyon san sans, jeneyaloji, fè kont, fè diskisyon sou Lalwa, paske yo pa pwofitab e yo pa itil anyen ”. — Tit 3:9.
Pou moun ki vle fè plis etid, plis rechèch sou Bib la, nou ankouraje yo pou yo sèvi ak liv Étude perspicace des Écritures, “ Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile ”, ak lòt piblikasyon nou gen ankò, tankou piblikasyon ki pale sou pwofesi nou jwenn nan liv Dànyèl, Izayi ak Revelasyon an. Piblikasyon sa yo gen anpil sijè pou moun fè rechèch sou Bib la e pou moun medite, sa ki kapab “ ranpli [nou] ak konesans egzak sou volonte [Bondye], nan tout sajès e nan tout konpreyansyon espirityèl, pou nou ka mache yon fason ki diy devan Jewova, nan objektif pou nou fè l plezi konplètman, toutpandan n ap kontinye pote fwi nan tout zèv ki bon, e n ap kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye ”. — Kol. 1:9, 10.