BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 8 oktòb
  • Semèn 15 oktòb
  • Semèn 22 oktòb
  • Semèn 29 oktòb
  • Semèn 5 novanm
Ministè Wayòm nan — 2007
km 10/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 oktòb

Kantik 26

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 oktòb la ak Réveillez-vous ! oktòb. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale.

20 min : Reste proche de l’organisation de Jéhovah. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 17 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

15 min : “ Nan mwa novanm, n ap ofri yon nimewo Réveillez-vous ! espesyal ! ”a Fè yon ti pale sou sijè yo egzamine nan nimewo sa a. Apre sa, sèvi ak metòd kesyon/repons pou egzamine atik la. Lè n ap egzamine paragraf 3 a, fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! novanm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la oswa nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an. Anvan w fini demonstrasyon an, fè yon jan pou w poze baz pou pwochen vizit la.

Kantik 5

Semèn 15 oktòb

Kantik 31

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

20 min : Èske laverite pwodui fwi lakay moun w ap anseye yo ? Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 1ye fevriye 2005, paj 28-30. Fè kòmantè sou fason kesyon nou jwenn nan liv Sa Labib anseye a ede nou disène sa ki nan kè etidyan an. Pran kèk egzanp tankou sa nou jwenn nan paragraf 19 nan chapit 1 an, paragraf 4 nan chapit 2 a, paragraf 24 nan chapit 3 a ak paragraf 18 nan chapit 4 la. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo byen sèvi ak diferan aspè liv la genyen.

15 min : Èske w sonje ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 out 2007, paj 19.

Kantik 64

Semèn 22 oktòb

Kantik 78

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye novanm nan ak Réveillez-vous ! novanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. Diskou ak entèvyou. Nou kite fènwa ki gen nan monn sa a dèyè e nou kite limyè Jewova a gide nou (Efe. 5:8, 9). Sa rann lavi nou pi agreyab, e sa fè nou gen yon objektif (1 Tim. 4:8). Anplis de sa, limyè Jewova a ban nou yon esperans (Wom. 15:4). Entèvyouwe de oswa twa pwoklamatè ki fè fas ak gwo obstak e ki rive venk yo nan objektif pou yo kenbe bonjan relasyon ak Jewova. Ki difikilte yo te rankontre lè yo te pran laverite ? Ki jan yo te rive venk difikilte yo ? Ki sa k fè vi yo vin pi agreyab jodi a ? Ki sa k ede yo rete djanm nan laverite ? Nan fen patisipasyon an, ankouraje tout moun pou yo kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl e pou yo kontinye demontre rekonesans pwofon yo genyen poutèt laverite Jewova revele. — 2 Pyè 1:5-8.

Kantik 2

Semèn 29 oktòb

Kantik 71

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa oktòb la. Di ki piblikasyon n ap ofri an novanm e fè yon demonstrasyon pou nou prezante l.

15 min : Glorifye Kreyatè w la lè w fikse objektif espirityèl. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 15 jiyè 2004, paj 21-3. Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou objektif espirityèl yo fikse e sou sa yo fè pou yo atenn objektif sa yo. Nou ka prepare youn oswa de kòmantè alavans.

20 min : “ Annou ede moun ki pòv yo gen espwa. ”b Lè n ap egzamine paragraf 2 a, fè kòmantè sou paj 26-7 nan Réveillez-vous ! 8 septanm 2003.

Kantik 83

Semèn 5 novanm

Kantik 67

10 min : Anons lokal.

15 min : Fason w kapab pwoteje pitit ou grasa sajès ki soti nan Bondye. Diskou ki baze sou La Tour de Garde 1ye janvye 2005, paj 23-7.

20 min : “ Nou youn ka ankouraje lòt. ”c Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè presi sou fason yo te jwenn ankourajman pandan siveyan sikonskripsyon an t ap vizite kongregasyon an. Nou ka prepare youn oswa de kòmantè alavans.

Kantik 86

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje