Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 desanm 2007, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan lekòl ministè teyokratik la. siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 5 novanm pou rive nan semèn 31 desanm 2007.
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Ki pwen nou ta dwe toujou gen nan tèt nou pou nou asire konklizyon nou fè a efikas ? [be p. 220 § 4–p. 221 § 3]
2. Ki sa nou ka fè pou nou asire nou sa nou di lè n ap preche se bagay ki egzak ? [be p. 223 § 2-4]
3. Nan diskou n ap fè nan reyinyon kongregasyon an, kòman nou ka montre nou rekonèt wòl kongregasyon an kòm “ yon pilye e yon sipò pou laverite ” ? (1Tim. 3:15) [be p. 224 § 1-4]
4. Poukisa li enpòtan pou nou verifye si enfòmasyon nou yo fyab, e ki jan nou ka fè sa ? [be p. 225 § 1-2]
5. Lè n ap anseye, ki sa nou ka fè pou pwen n ap trete yo pi fasil pou lòt moun konprann ? [be p. 226 § 3–p. 227 § 1]
EKSPOZE No 1
6. Ki sa k pwouve istwa Yona a se yon istwa nou ka fè konfyans ? [si p. 153 § 3]
7. Ki pwofesi nan liv Mika a ki gen rapò ak Wayòm Bondye a Kris Jezi ap dirije a ? [si p. 158 § 18]
8. Ki sa k pwouve se Bondye ki enspire liv Abakouk la ? [si p. 161 § 4]
9. Poukisa nou ka di jis nan ane 520 anvan epòk nou an, Juif yo potko akonpli objektif ki te fè yo retounen sot ann egzil la ? (Aga. 1:4) [si p. 166 § 3]
10. Zekarya pale plizyè fwa de yon jou glorye, ki jou sa a ? [si p. 172 § 26]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ki jan pwofesi Yowèl konsènan envazyon ensèk yo te akonpli nan premye syèk la, e ki jan l akonpli jodi a ? (Yow. 2:1-10, 28) [wF 07 1/10 “ La Parole de Jéhovah est vivante : Points marquants des livres de Yoël et d’Amos ”]
12. Ki sa “ yon pànye fwi sezon ete ” siyifi ? (Amòs 8:1, 2) [wF 07 1/10 “ La Parole de Jéhovah est vivante : Points marquants des livres de Yoël et d’Amos ”]
13. Nan ki sans Jewova te ‘ santi li regrèt kalamite li te di l ap lage sou moun Niniv yo ’, e ki rapò sa gen avèk nou ? (Yona 3:10) [wCR 03 1/8 p. 17-18]
14. Sa sa vle di mache nan non Jewova ? (Mika 4:5) [wCR 03 1/9 p. 13 § 19]
15. Ki lè e ki fason Jewova te vini nan “ tanp ” li an pou jijman an nan tan pa nou an ? (Mal. 3:1-3) [re p. 32 kare ; jd p. 179 § 3–p. 181 § 6]