Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si nou pa genyen l, nou ka ofri liv Approchez-vous de Jéhovah a oswa Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te pibliye anvan 1991 kongregasyon an gen nan stòk li. Si kongregasyon an pa gen liv sa yo, nou ka ofri liv Konesans lan, si nou genyen l, oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Nan ane 2009 la, Memoryal la ap fèt jedi 9 avril, apre solèy fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè.
◼ Siveyan prezidan an ap chwazi yon moun pou verifye kont kongregasyon an pou mwa septanm, oktòb ak novanm. Se pa menm moun nan ki ta dwe fè verifikasyon yo chak fwa. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, nan pwochen rapò sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).