BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/08 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Soutit
  • Semèn 11 fevriye
  • Semèn 18 fevriye
  • Semèn 25 fevriye
  • Semèn 3 mas
Ministè Wayòm nan — 2008
km 2/08 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 fevriye

Kantik 74

10 min : Anons lokal. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! fevriye. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo te deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Èske w ka sèvi kote ki gen plis bezwen ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou Toudegad 1ye out 15 Jiyè 2003 paj 20. Fè kèk kòmantè ki baze sou liv Organisés a nan paj 111 paragraf 1 rive nan paj 112 paragraf 1. Fè yon entèvyou tou kout ak yon moun ki te deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen. Ki difikilte li te rankontre, e ki jan li te rive fè fas ak difikilte sa yo ? Ki benediksyon li jwenn ?

20 min : Annou ede nouvo yo pou yo pwogrese antanke minis. Yon patisipasyon ki baze sou Toudegad La Tour de Garde 1ye desanm 2005 paj 31. Apre w fin fè yon entwodiksyon ki dire mwens pase yon minit kontinye ak kesyon repons. Apre w fin egzamine paragraf 18 la, fè yon demonstrasyon kote yon nouvo pwoklamatè ap preche ak yon pwoklamatè ki gen eksperyans e moun nouvo pwoklamatè ap preche a soulve yon objeksyon. Repons nouvo pwoklamatè a bay la pa fin twò kòrèk e moun nan mete fen nan konvèsasyon an. Apre yo fin kite pòt la, pwoklamatè ki gen eksperyans lan felisite nouvo pwoklamatè a avèk anpil antouzyas, toudabò pou efò li fè, ansuit li montre l ki jan li ta ka sèvi ak liv Comment raisonner a pou l reponn objeksyon sa a yon pwochèn fwa.

Kantik 24

Semèn 18 fevriye

Kantik 16

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Yon prèv ki montre jan lafwa yo solid ! ”a Se siveyan sèvis la k ap fè patisipasyon sa a. Pou fini, pale yon fason pozitif sou sa kongregasyon an te akonpli diran ane sèvis ki sot pase a.

Kantik 6

Semèn 25 fevriye

Kantik 36

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa fevriye. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman yo. Fè yon demonstrasyon sou fason nou ka sèvi ak fich envitasyon Memoryal la pou nou envite yon manm fanmi nou oubyen yon vwazen nou nan Memoryal la.

20 min : “ Annou komemore lanmò Jezi Kris avèk rekonesans. ”b Si gen tan pou sa, mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou tèks biblik yo bay kòm referans nan atik la.

15 min : Prepare nou pou nou ofri peryodik nou genyen pou mwa a. Konvèsasyon ak oditwa a. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! mas, mande moun ki nan oditwa a, ki atik yo panse k ap plis enterese moun yo nan tèritwa a e poukisa. Mande yo pou yo di ki pwen presi nan atik la yo konte itilize pou yo atire atansyon moun yo sou li. Ki kesyon yo ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè biblik nan atik la yo ka li ? Sèvi ak sijesyon yo bay yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! mas.

Kantik 59

Semèn 3 mas

Kantik 57

10 min : Anons lokal. Fè revizyon sou kare ki gen tit : “ Rapèl pou Memoryal la. ”

20 min : Èske w ka kòmanse yon etid biblik nan mwa mas la ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Pandan mwa mas la nou pral ofri liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Fè yon ti pale sou kèk nan aspè enteresan ki gen nan liv la. Egzamine fason nou ka itilize yo lè nou retounen vizite moun nou te bay fich envitasyon Memoryal la e ki te montre yo enterese, moun ki te aksepte yon peryodik, oubyen ki te aksepte liv la pandan nou t ap ofri l nan ministè a apre Memoryal la ki te fèt 22 mas. (Gade km 8/07 p. 3 ; km 3/06 p. 1, § 3 ; km 1/06 p. 3-6.) Fè youn oubyen de demonstrasyon.

15 min : Sèvi ak Bib la lè n ap reponn kesyon. Diskou ak patisipasyon oditwa a, li baze sou liv École du ministère la paj 143-4. Fè yon demonstrasyon tou kout kote yon moun ap poze yon pwoklamatè yon kesyon moun yo konn poze souvan nan tèritwa, e pwoklamatè a ap sèvi ak Bib la pou l reponn.

Kantik 27

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje