Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi Mas : Ki sa Labib anseye toutbonbre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak Me : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Piske mwa mas gen senk wikenn okonplè se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd.
◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2008 la : “ Kiyès ki kalifye pou dirije limanite ? ” Gade anons yo te deja bay sou sa nan Ministè Wayòm septanm 2007 la.
◼ Men lis Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove : Gran Dedin, Gran Gwav, Kenskòf, Kwadèboukè, Maren, Site Maniga.
◼ Men Kongregasyon ki fèk fòme : Fresino (Senmak), Madlin (Kap Ayisyen).
◼ Nou ta renmen fè nou sonje 2 pi gwo objektif nou yo pou ane sèvis 2008 la : 1) Atenn 92% pwoklamatè regilye e rive gen 10% nouvo pwoklamatè e 2) Rive anvan lè nan reyinyon yo epi tèmine yo alè. Jan nou te deja di sa nan lèt 2 novanm 2007 la nou te voye bay tout kongregasyon yo, se sou dezyèm objektif la sitou n ap travay pou ane a.