BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/08 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 2/08 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 fevriye 2008, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 7 janvye pou rive nan semèn 25 fevriye 2008. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa nou dwe fè pou nou ka ede moun ki nan oditwa a konprann sans vèsè biblik yo, e poukisa nou dwe fè sa ? [be p. 228 § 2-3]

2. Poukisa li enpòtan pou nou prezante sijè nou yo yon fason ki enstriktif pou oditwa a, e kòman nou ka rive fè sa ? [be p. 230 § 3-5, kare]

3. Lè nou fè rechèch, nan ki sans sa ka fè diskou nou yo pi enstriktif ? [be p. 231 § 1-3]

4. Lè n ap itilize vèsè oditwa a byen konnen, ki sa nou ka fè pou egzamen n ap fè sou vèsè sa yo pi enstriktif ? [be p. 231 § 4-5]

5. Poukisa li enpòtan pou nou rezone sou vèsè nou li yo ? [be p. 232 § 3-4]

EKSPOZE No 1

6. Ki sa k montre lè Matye t ap ekri liv ki pote non l lan se sitou yon oditwa Juif li te gen nan lespri l ? [si p. 176 § 6-7]

7. Ki sa nou ka fè pou nou prepare kè nou pou nou resevwa enstriksyon Bondye sèvi ak oratè yo pou l ban nou ? (2 Kwo. 20:33) [be p. 13 § 4–p. 14 § 5]

8. Ki sa paran yo ka fè pou yo fòme pitit yo dekwa pou yo vin “ saj pou delivrans lan ” ? (2 Tim. 3:15) [be p. 16 § 3-4]

9. Kòman Evanjil Matye a mete aksan sou akonplisman pwofesi ki nan Bib la ? [si p. 181 § 32]

10. Alòske Evanjil Matye a prezante Jezi kòm Mesi e kòm Wa yo te pwomèt la, ki jan Evanjil Mak la dekri Jezi ? [si p. 82 § 7-8]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Lè yon moun kite kòlè l eklate, èske sa pi grav pase lè l kenbe kòlè l nan kè l ? (Mat. 5:21, 22) [wCR08 15/1 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Matye a ”]

12. Nan ki sans kretyen yo toujou rete ak ‘ je yo senp ’ ? (Mat. 6:22, 23) [wCR06 1/10 p. 31]

13. Ki pwen Jezi te vle montre lè li te mande disip li yo : “ Èske nou konprann sans tout bagay sa yo ? ” ​(Mat. 13:51, 52) [wCR08 15/1 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Matye a ”]

14. Poukisa byen souvan Jezi te pase moun li geri yo lòd pou yo “ pa revele ki moun li ye ” ? (Mat. 12:16) [wF87 15/5 p. 9 ; cl p. 93-4]

15. Ki sa Jezi te vle montre anrapò ak “ mezi ” yon moun sèvi pou l ‘ mezire ’ ? (Mak 4:24, 25) [wF80 15/9 p. 12 ; gt chap. 43]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje