BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/08 p. 8
  • Yon prèv ki montre jan lafwa yo solid !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon prèv ki montre jan lafwa yo solid !
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Yon “ temwayaj pou tout nasyon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske lafendimonn toupre?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Ministè Wayòm nan — 2008
km 2/08 p. 8

Yon prèv ki montre jan lafwa yo solid !

1. Ki evènman ki bay kè kase Jezi te predi ?

1 Apot yo t ap koute Jezi avèk anpil atansyon lè li t ap pale konsènan prezans li ak konklizyon sistèm nan. Jezi te pale de yon seri evènman ki bay kè kase tankou lagè, rate manje, tranblemanntè ak epidemi. Apre sa, Jezi te di yo t ap rayi disip li yo, yo t ap lage yo nan tribilasyon e yo t ap touye yo. Li te di gen fo pwofèt ki t ap leve e ki t ap twonpe anpil moun. Li te di tou lanmou pifò moun t ap refwadi.

2. Lefètke nou preche bon nouvèl la nan lemonnantye, poukisa se yon bagay ki remakab ?

2 Se nan kontèks sa a Jezi te pale de bon nouvèl la yo t ap gen pou preche nan tout latè ki abite. Sa dwe te parèt etonan pou disip yo (Mat. 24:3-14). Jodi a nou wè jan pwofesi estrawòdinè sa a ap reyalize. Malgre n ap viv nan yon epòk ki trè danjere, Temwen Jewova yo preche bon nouvèl la avèk zèl. Alòske lanmou moun nan monn nan ap refwadi, lanmou pa nou tankou yon flanm k ap briye pi plis chak jou. Malgre moun nan “ tout nasyon ” rayi nou, nou preche nan prèske tout nasyon.

3. Ki sa ou twouve ki patikilyèman ankourajan nan rapò mondyal la ?

3 Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou nou egzamine aktivite Temwen Jewova yo pou ane sèvis ki sot pase a, jan rapò ki nan paj 3 pou rive nan paj 6 la montre sa. Depi 16 an, chak ane Temwen Jewova yo pase plis pase yon milya èdtan nan travay predikasyon an ak travay fè disip la. Sa a se yon bèl prèv ki montre jan lafwa Temwen Jewova yo solid ! Pou ane ki sot pase a, nou te gen 5,8 pousan akwasman nan kantite pyonye yo, 3,1 pousan nan kantite pwoklamatè, ak 4,4 pousan nan kantite etid biblik yo. Kantite moun ki te batize yo te ogmante de 20,1 pousan pandan ane ki sot pase a. Ala ankourajan sa ankourajan pou nou konnen gen prèske sèt milyon moun k ap sèvi Jewova fidèlman. Sa vle di gen pi plis moun k ap sèvi Jewova sou tè a kounye a pase nenpòt lòt lè nan istwa lèzòm ! Pandan w ap egzamine rapò a, ki sa ou twouve ki patikilyèman ankourajan pou ou ?

4. Ki difikilte yon mesye te oblije venk pandan li t ap fè efò pou l batize ?

4 Byenke chif yo enpresyonan, nou pa ta dwe janm bliye se de moun y ap pale lè yo site chif sa yo, moun ki bay prèv yo gen lafwa. Ann pran egzanp Guillermo. Li te fèt nan peyi Bolivi an 1935 e li te grandi nan peyi sa a. Li t ap travay nan yon plantasyon koka depi lè li gen nevan. Depi l te piti li te gen abitid moulen fèy koka pou l ka bliye pwoblèm li te genyen akoz travay di li t ap fè a. Apre sa li te vin lage kò l nan bwè e li te konn fimen sigarèt. Men, li te kòmanse etidye Labib e ofiramezi li t ap aprann sa Jewova vle li fè, li te sispann fimen e li te sispann bwè. Men, pi gwo defi li te gen pou l leve se te pou l kite abitid moulen fèy koka a, yon abitid li te genyen pandan tout vi l. Li te priye Jewova anpil sou sa e li te rive venk abitid sa a. Piske li te kite tout move abitid li te genyen yo, li te batize. Men sa li di : “ Kounye a mwen santi mwen pwòp e se pa ti kontan mwen kontan ! ”

5. Ki sa w ta renmen ?

5 Jewova vrèman enterese ak moun yo. Volonte l se pou tout moun rive repanti (2 Pyè 3:9). E se sa nou ta renmen tou. Se pou kè nou pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou kontinye ede moun ki gen kè sensè yo konnen Jewova e pou yo renmen l menm jan nou menm nou fè sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje