Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 out
10 min : Anons lokal. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou atik nan peryodik n ap ofri pou mwa a, atik yo twouve k ap atire atansyon moun yo nan tèritwa a. Mande yo pou yo mansyone kèk pwen presi nan atik yo konte prezante a. Ki kesyon yo ta ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè nan atik la yo ta ka li ? Fè aranjman pou nou fè demonstrasyon k ap montre ki jan nou ka sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo.
15 min : Fè volonte Bondye san distraksyon. Yon diskou ki baze sou liv “ Vin suiv mwen ” an nan paj 91-94, paragraf 12-13.
20 min : “ Èske w sèvi ak tout ribrik ki nan Toudegad piblik la ? ”a Fè yon entèvyou ak yon pwoklamatè ki te fè yon eksperyans pandan li t ap sèvi ak youn nan nouvo ribrik Toudegad piblik la. Nou ka repwodui eksperyans lan. Nou ka baze sou paragraf 2 a tou pou nou fè yon demonstrasyon sou fason nou ka sèvi ak ribrik “ Sa Jezi aprann nou ”, nan La Tour de Garde 1ye out la.
Semèn 18 out
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm sa a. Egzamine “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an ” epi anonse dat asanble a ap fèt si nou konnen l. Fè moun nan oditwa a sonje vini ak La Tour de Garde 1ye septanm ak Réveillez-vous ! Septanm nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan e pou yo egzamine ki jan yo ka ofri yo nan tèritwa kongregasyon an.
20 min : Fason nou abiye nou ak aparans nou onore Jewova. Diskou pou yon ansyen fè. Piske Jewova se yon Bondye ki sen, pwòpte fizik se yon priyorite pami pèp li a (Egz. 30:17-21 ; 40:30-32). Lè nou bay egzanp nan fason nou abiye ak nan aparans nou, sitou lè nou nan ministè a, nou fè Jewova plezi e sa pote glwa pou non l (1 Pyè 2:12). Yon lòt bò, si nou pa ta bay egzanp nan domèn sa a, sa t ap lakòz ‘ moun pale pawòl Bondye a mal ’. (Tit 2:5.) Mansyone kèk eksperyans ki te fèt nan tèritwa kongregasyon an oubyen yo te pibliye nan yon piblikasyon, pou montre ki jan lè nou bay egzanp nan aparans nou sa bay yon bon temwayaj.
15 min : Jèn ki bay yon mesaj pisan. Yon diskou ankourajan pou paran yo ak timoun yo ki pral retounen lekòl nan yon ti tan. Fè jèn yo sonje pou yo pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo bay temwayaj. Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo bay kèk eksperyans yo te fè pandan yo t ap bay temwayaj nan lekòl yo.
Semèn 25 out
15 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Egzamine “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an ” epi anonse dat asanble a ap fèt si nou konnen l.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
15 min : Prepare nou pou nou ofri La Tour de Garde 1ye septanm ak Réveillez-vous ! Septanm. Konvèsasyon ak oditwa a. Fè yon rezime tou kout sou peryodik sa yo epi mande moun nan oditwa a ki atik yo panse ki ka plis enterese moun nan tèritwa a. Ki kesyon e ki vèsè yo ta ka itilize pou yo entwodui sijè a ? Fè yon demonstrasyon pou montre ki jan nou ka sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan Ministè Wayòm nan. Yon ansyen ap fè yon prezantasyon tou kout, yon prezantasyon li te prepare ki baze sou yon atik ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an.
Semèn 1ye septanm
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out.
20 min : Yo izole, men nou pa bliye yo. Yon diskou ki baze sou Toudegad 15 avril 2008, paj 25-28. Si gen moun aje nan kongregasyon an k ap viv nan mezon retrèt, mansyone non yo. Si pa genyen, itilize prensip ki nan atik la pou nou ankouraje moun nan kongregasyon an pou yo soutni moun ki enfim yo oubyen lòt moun ki limite nan kapasite yo genyen pou yo patisipe nan aktivite kongregasyon an.
15 min : Kòmanse etid biblik depi premye fwa ou rankontre yon moun nan mwa septanm nan. Konvèsasyon ak oditwa a. Pandan mwa septanm nan, n ap ofri liv Sa Labib anseye a e n ap fè efò pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Revize sijesyon yo bay nan paj mitan Ministè Wayòm Janvye 2006 la. Fè youn oubyen de demonstrasyon pou montre ki jan nou ka kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre yon moun.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.