Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 8 septanm
10 min : Anons lokal. Mande moun nan oditwa a ki atik nan nouvo peryodik yo ki pi enterese moun nan tèritwa a. Ki kesyon yo poze e ki vèsè yo li pou yo prezante atik la ? Fè demonstrasyon sou fason nou ka prezante chak peryodik sa yo.
15 min : Ede etidyan Labib yo pou yo vin anseyan. Yon diskou ki baze sou Toudegad 1ye fevriye 2007, paj 17-18 paragraf 14-20. Fè yon demonstrasyon tou kout, kote yon pwoklamatè ap esplike yon nouvo etidyan fason diskou piblik la ak etid Toudegad la fèt e l ap envite etidyan an pou l asiste reyinyon sa yo.
20 min : Fason pou nou fè fas ak prejije moun yo genyen kont nou nan ministè a. Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou enfòmasyon yo te pibliye konsènan fason prejije ka afekte ministè nou. Esplike ki jan nou ka venk prejije moun yo genyen kont nou. Pafwa fason nou konpòte nou, kit se nan ministè a, kit se lè nou nan aktivite pèsonèl n ap mennen chak jou, ka kontribye anpil pou nou venk prejije moun k ap obsève nou yo genyen kont nou, e pou nou ede yo vin gen enterè pou laverite. Kidonk, li esansyèl pou nou toujou veye sou pawòl nou ak konduit nou (1 Pyè 2:12 ; 3:1, 2). Rakonte kèk eksperyans pwoklamatè yo te fè nan tèritwa kongregasyon an, oubyen eksperyans ou te li nan piblikasyon yo, eksperyans ki montre jan pwoklamatè yo te rive venk prejije.
Semèn 15 septanm
10 min : Anons lokal. Chwazi kèk anons nan Ministè Wayòm sa a.
20 min : Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Se siveyan sèvis la oswa yon lòt ansyen kalifye k ap fè patisipasyon sa a. Pale sou aktivite kongregasyon an te akonpli nan ministè a pandan ane sèvis ki sot pase a, konsantre w sou pwen pozitif nan travay kongregasyon an te akonpli. Felisite pwoklamatè yo lè sa apwopriye. Fè aranjman alavans pou youn oswa de pwoklamatè rakonte eksperyans ankourajan yo te fè ane pase. Mansyone youn oubyen de pwen kongregasyon an bezwen travay pandan ane k ap vini an, epi egzamine kèk sijesyon pratik ki ka ede l amelyore.
15 min : Ki jan pou m defann kwayans mwen genyen ki montre se Bondye ki kreye tout bagay ? Yon diskou ki baze sou enfòmasyon ki deja pibliye. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo defann kwayans yo genyen nan kreyasyon an swa nan lekòl yo oswa lòt kote. Nou ka fè aranjman alavans pou youn oubyen de moun fè kòmantè.
Semèn 22 septanm
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann volontè yo. Egzamine lèt filyal la, lèt nou jwenn nan paj 1 an.
20 min : N ap jwenn rekonpans pou travay nou akonpli yo. Yon diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 avril 2005, paj 28 paragraf 6 pou rive nan paj 29. Fè yon entèvyou tou kout ak youn oubyen de pwoklamatè zele, sou fason Jewova te ba yo sa ki nesesè nan domèn materyèl oubyen sou fason li te soutni yo nan domèn afektif.
15 min : Prepare nou pou nou prezante La Tour de Garde 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! Oktòb. Fè yon rezime tou kout sou peryodik yo epi mande moun nan oditwa a ki atik yo panse ki ka pi enterese moun nan tèritwa a. Ki kesyon yo ka poze moun yo e ki vèsè yo ka li pou yo prezante atik yo ? Fè yon demonstrasyon sou fason nou ka sèvi ak youn nan prezantasyon yo bay kòm modèl nan Ministè Wayòm sa a. Mande yon ansyen pou l fè yon demonstrasyon tou kout ki baze sou yon atik li te prepare ki ka apwopriye pou tèritwa kongregasyon an.
Semèn 29 septanm
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm. Fè aranjman alavans pou youn oswa de pwoklamatè rakonte eksperyans ankourajan yo te fè pandan yo t ap bay temwayaj enfòmèl anrapò ak kongrè distri a, swa pandan yo te an vakans oswa nan lòt okazyon pandan peryòd vakans lan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Soti 20 oktòb pou rive 16 novanm nou pral fè yon kanpay espesyal pou nou distribye yon feyè ! ”a Si feyè yo disponib distribye youn bay chak moun nan oditwa a. Lè w ap egzamine paragraf 2 a, fè yon rezime tou kout sou sa ki nan feyè a. Lè w ap egzamine paragraf 4 la, fè yon demonstrasyon pou montre ki jan nou ka kite feyè a nan men yon moun. Lè w ap egzamine paragraf 5 lan, fè yon demonstrasyon pou montre ki jan yon pwoklamatè ka sèvi ak feyè a pou l kòmanse yon etid biblik lè l ap fè yon nouvèl vizit.
Semèn 6 oktòb
10 min : Anons lokal.
15 min : Repons kesyon w yo. Konvèsasyon ak oditwa a. Fè kòmantè ki soti nan Toudegad 1ye jiyè 2005, paj 10-12 paragraf 10-16.
20 min : “ Ann anseye lòt moun pou yo renmen Jewova. ”b Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo li vèsè yo bay kòm referans yo epi pou yo fè kòmantè sou yo.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.