Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 23 fevriye 2009, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 5 janvye pou rive nan semèn 23 fevriye 2009.
1. Kòman Bondye te ka fè limyè parèt depi premye jou a si se jis nan katriyèm jou a li te fè kò selès ki bay limyè yo ? (Jen. 1:3, 16) [wF 04 1/1 p. 28 § 5]
2. Lefètke Jewova pa t di Noye pou l domine sou tè a jan li te di Adan, yon moun pafè, pou l fè sa, ki sa sa lese konprann ? (Jen. 9:1) [it-1 p. 788 § 6]
3. Ki lè alyans Abraram nan te antre an vigè, e konbyen tan l ta dwe dire ? (Jen. 12:1-4) [wCR 04 1/3 p. 29 § 4 ; wF 01 15/8 p.17 § 13]
4. Ki sa k pwouve ni Nimwod ni moun ki t ap suiv li yo te echwe nan plan yo te genyen pou yo fè “ non yo vin selèb ” ? (Jen. 11:4) [wF 98 15/3 p. 25]
5. Etandone nan 2 Pyè 2:7 yo te rele Lòt yon “ moun ki jis ”, poukisa li te ofri pou l lage pitit fi l yo bay foul pèvèti a ? (Jen. 19:8) [wCR 05 1/2 p. 30 § 15-16 ; wCR 04 1/3 p. 30 § 3]
6. Piske yon mari ki gen krent pou Bondye dwe pran swen moun lakay li, kòman Abraram te fè voye Aga ak Ichmayèl nan dezè a ? (Jen. 21:10-21 ; 1 Tim. 5:8) [wF 88 15/2 p. 31]
7. Lè Elyezè t ap chèche yon madanm pou Izarak, li te fè tout sa l kapab pou l fè bagay yo jan Jewova mande. Ki leson nou ka aprann nan sa ? (Jen. 24:14, 15, 17-19, 26, 27) [wF 97 1/1 p. 31 § 2]
8. Jakòb te fè yon rèv, li te wè zanj yo ap monte desann sou yon nechèl. Ki sans rèv sa a genyen ? (Jen. 28:10-13) [wF 03 15/10 p. 29 § 1 ; it-1 p. 683]
9. Poukisa Rachèl te enterese konsa pou l jwenn mandragò pitit gason Leya a te genyen yo ? (Jen. 30:14, 15) [wCR 04 1/3 p. 31 § 5]
10. Nan ki sans egzanp Jakòb se yon bon egzanp sou fason pou nou rezoud pwoblèm nou genyen antre nou ? (Jen. 33:3, 4) [g82 22/5 p. 19 § 8-10]