Pwogram pou semèn 23 fevriye
SEMÈN 23 FEVRIYE
□ Etid biblik kongregasyon an :
lv-CR chap. 1 § 1-9, entwodiksyon
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Jenèz 32-35
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons lokal. Atire atansyon sou piblikasyon n ap ofri nan mwa mas la.
10 min : Prepare nou pou nou ofri La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! Mas. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou de peryodik sa yo, mande moun nan oditwa a ki atik yo panse ki ka plis enterese moun yo nan tèritwa a e poukisa yo panse li ka enterese yo. Mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo komanse yon konvèsasyon. Ki vèsè yo ka li anvan yo prezante peryodik la ? Pou fini, fè demonstrasyon pou montre ki jan yo ka ofri chak peryodik.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
10 min : Èske w konn sèvi ak bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou entwodiksyon bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2009. Pale sou enpotans pou nou pran tan chak jou pou nou egzamine tèks pou jounen an ansanm ak komantè ki akonpaye l la. Mande moun nan oditwa a pou yo fè komantè sou fason yo oganize yo pou yo egzamine tèks pou jounen an e sou byenfè yo jwenn lefètke yo fè sa.