Pwogram pou semèn 16 mas
SEMÈN 16 MAS
□ Etid liv kongregasyon an :
lv-CR chap. 2 § 12-21, kare p. 24
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Jenèz 43-46
No 1 : Jenèz 44:1-17
No 2 : Jezi gen plis pouvwa pase demon yo (lr-CR chap. 10)
No 3 : Pwofesi biblik yo pwouve yo diy de konfyans (rs p. 175 § 3-176 § 3)
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons lokal.
10 min : Jewova se non ki idantifye Bondye. Yon diskou ankourajan ki baze sou liv École du ministère la, paj 274, paragraf 2-5.
10 min : Annou byen sèvi ak Annuaire 2009 la. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Egzamine “ Lèt Kolèj santral la ” ki nan paj 3 Annuaire la. Fè aranjman alavans pou kèk pwoklamatè fè yon ti pale sou kèk eksperyans patikilyèman ankourajan yo jwenn nan Annuaire la. Mande moun nan oditwa a pou yo pale sou enfòmasyon yo te twouve ki enteresan nan rapò mondyal la. Pou fini, ankouraje tout moun pou yo fin li tout Annuaire la.
10 min : “ Fason pou nou sèvi ak liv ‘ Lanmou Bondye ’ a pou nou kondui etid biblik. ” Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.