Pwogram pou semèn 23 mas
SEMÈN 23 MAS
□ Etid biblik kongregasyon an :
lv-CR chap. 3 § 1-7, kare p. 29
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Jenèz 47-50
No 1 : Jenèz 48:1-16
No 2 : Èske nou ta dwe pè Dyab la ?
No 3 : Zanj Bondye yo ap ede nou (lr-CR chap. 11)
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons lokal.
10 min : Prepare nou pou nou ofri La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! Avril. Konvèsasyon ak oditwa a. Apre w fin fè yon rezime tou kout sou de peryodik sa yo, mande moun nan oditwa a ki atik yo gen entansyon prezante nan tèritwa a, e poukisa se atik sa a yo gen entansyon prezante. Ki kesyon e ki vèsè yo ka itilize pou prezante atik la ? Fè demonstrasyon pou montre ki jan yo ka ofri chak peryodik. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka kòmanse yon etid biblik lè nou retounen vizite yon moun.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
10 min : Demontre respè pou moun yo lè nou koute yo avèk atansyon e lè nou pran pwennvi yo an konsiderasyon. Diskou ak patisipasyon oditwa a, li baze sou liv École du ministère la, paj 186-187. Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap montre fason nou ka aplike konsèy yo bay nan liv la lè n ap pale ak moun yo. Apre sa, mande moun nan oditwa a pou yo di sa k fè fason pwoklamatè a te aplike konsèy yo te efikas.