Pwogram pou semèn 19 oktòb
SEMÈN 19 OKTÒB
□ Etid biblik kongregasyon an:
lv chap. 11 § 20-22, kare ki nan paj 131
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Detewonòm 7-10
No 1: Detewonòm 9:1-14
No 2: Rezon ki fè nou dwe renmen Jezi (lr chap. 38)
No 3: Selon Labib, konbyen moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl? (rs p. 66 § 1-2)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
15 min: Lè nou fè rechèch, sa ka ogmante kapasite konpreyansyon nou. Yon diskou ki baze sou liv École du ministère la, soti nan paj 33 rive anvan soutit ki nan paj 34 la. Egzamine enfòmasyon yo bay yo kòmsi ou se yon pwoklamatè k ap ankouraje lòt moun ki fèk kòmanse etidye Labib. W ap montre yo kòman pou yo fè rechèch pou yo ka fòtifye lafwa yo e pou yo ka prepare yo pou yo patisipe nan ministè a. Fè yon demonstrasyon pou w montre fason yon pwoklamatè ka ede yon etidyan konprann enpòtans rechèch genyen.
15 min: “Lè nou bay temwayaj nan telefòn, sa pote bon rezilta.” Patisipasyon ak kesyon/repons. Chwazi de pwoklamatè pou yo fè de demonstrasyon kote yo chak ap prezante youn nan òf pou mwa a. Note sa: si gen lwa nan peyi a ki mete limit sou predikasyon nan telefòn, nou dwe pran sa an konsiderasyon.