Pwogram pou semèn 8 fevriye
SEMÈN 8 FEVRIYE
□ Etid biblik kongregasyon an:
lv chap. 16 § 15-22, kare p. 194
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jij 11-14
No 1: Jij 13:1-14
No 2: Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di nan Lik 16:9-13 la?
No 3: ‘Touman ki pap janm fini’ yo pale nan liv Revelasyon an, ki sa l ye? (rs-F p. 126 § 3-4)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Ann reponn kesyon moun yo genyen sou fèt yo konn fete yo. Konvèsasyon ak oditwa a, li baze sou liv Comment raisonner a, soti nan soutit ki nan paj 164 la rive nan dènye paragraf ki nan paj 165 lan. Kiyès nan fèt sa yo moun nan tèritwa a konn fete? Ki lè ak ki kote nou ka bay moun yo temwayaj sou youn nan fèt sa yo? Fè yon demonstrasyon kote yon paran ap prepare pitit li pou l reponn kesyon sa a: poukisa ou pa fete pak?
20 min: “Nou pral distribye fich envitasyon Memoryal la sou tout tè a!” Patisipasyon ak kesyon/repons. Avan w egzamine paragraf 2 a, bay chak moun yon fich envitasyon si l disponib, epi atire atansyon moun yo sou divès aspè ki gen nan fich envitasyon an. Apre w fin egzamine paragraf 2 a, fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap montre fason pou nou itilize fich envitasyon an. Entèvyouwe siveyan sèvis la oubyen yon lòt ansyen pou li bay plis detay sou aranjman yo fè pou yo òganize predikasyon pandan kanpay nou pral fè pou nou envite moun yo nan Memoryal.