BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/10 p. 2
  • Travay ki pi enpòtan ki genyen an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Travay ki pi enpòtan ki genyen an
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ka anseye lòt moun pou yo vin disip?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Ann imite Jezi ki te chofe nan travay predikasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Se pou nou toujou zele nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Fè konnen non Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 3/10 p. 2

Travay ki pi enpòtan ki genyen an

1. Ki sakrifis gwo apresyasyon nou genyen pou travay predikasyon an ap pouse nou fè?

1 Poukisa yo ankouraje nou regilyèman pou nou konsakre tan nou, fòs nou ak byen nou genyen nan travay predikasyon an? Paske pa gen okenn lòt travay ki gen plis enpòtans pase l. Lè nou reflechi sou kokenn efè li genyen sou lòt moun, sa ap ogmante dezi nou genyen pou nou patisipe nan travay sa a, yon travay ki pap janm refèt ankò. —Tra. 20:24.

2. Ki jan travay predikasyon n ap fè a kontribye pou gran non Jewova sangtifye?

2 Yon travay ki sangtifye non Jewova: Travay predikasyon an mete aksan sou Wayòm Jewova a Kris Jezi ap dirije ki pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo e ki pral pote solisyon pou tout pwoblèm limanite ap rankontre (Mat. 6:9, 10). Se sèl Jewova, Sila a ki resevwa tout glwa a, ki an mezi pou l sove nou anba peche ak lanmò (Iza. 25:8; 33:24). Piske nou pote non l, lòt moun k ap gade bon konduit nou genyen ak zèl nou demontre nan travay li ka vin ba l glwa (1 Pyè 2:12). Se pa ti satisfaksyon nou genyen pou nou fè konnen non Jewova, Souvren Seyè a, toupatou sou latè! —Sòm 83:18.

3. Ki benediksyon moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan jwenn?

3 Yon travay k ap sove lavi: Jewova “pa ta renmen pyès moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Sepandan, si pa gen pèsòn pou anseye moun yo, kòman y ap fè konnen ki konduit ki bon nan je Jewova oubyen ki konduit ki pa bon nan je l (Yona 4:11; Wom. 10:13-15)? Lè moun yo byen reyaji devan bon nouvèl la, kalite lavi yo amelyore toutpandan y ap abandone move bagay yo te konn pratike (Mika 4:1-4). Anplis de sa, yo vin gen esperans pou yo viv pou toutan, yon esperans ki bay kè kontan. Lè nou aktif nan travay predikasyon an ak nan travay ansèyman an, n ap sove ni tèt nou ni moun ki koute nou yo (1 Tim. 4:16). Ala yon wòl onorab nou jwe nan travay ki pi enpòtan ki genyen an!

4. Poukisa nou dwe patisipe aktivman nan travay preche Wayòm nan ak nan travay fè disip la?

4 Talè konsa, gwo tribilasyon an pral mete fen nan monn sa a ki pa jis, e l ap fè sa sanzatann. Moun ki pran pozisyon bò kote Jewova yo ap chape. Se poutèt sa travay predikasyon an ak travay fè disip la se travay ki pi ijan, ki pi enpòtan e ki pi pwofitab nan tout travay moun ap fè jodi a. Annou bay aktivite sa yo premye plas nan lavi nou. —Mat. 6:33.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje