BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/10 p. 2
  • Minis kretyen yo bezwen lapriyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Minis kretyen yo bezwen lapriyè
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Lapriyè se yon privilèj nou bezwen bay anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 5/10 p. 2

Minis kretyen yo bezwen lapriyè

1. Pou nou rive akonpli ministè nou, ki sa ki nesesè?

1 Nou pa ka akonpli ministè a poukont nou. Jewova ban nou fòs pou nou fè travay la (Fil. 4:13). Li sèvi ak zanj li yo pou l ede nou jwenn moun ki sanble ak mouton yo (Rev. 14:6, 7). Se Jewova ki fè ti grenn verite nou plante e nou wouze yo grandi (1 Kor. 3:6, 9). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou minis kretyen yo konte sou Papa nou ki nan syèl la lè yo lapriyè l!

2. Pou ki bagay konsa nou ka priye?

2 Priye pou tèt nou: Nou dwe priye nan chak okazyon kote nou pral preche (Efe. 6:18). Pou ki bagay konsa nou ka priye? Nou ka priye pou nou chanje move atitid nou genyen sou tèritwa nou e nou ka priye pou nou gen kran (Tra. 4:29). Nou ka mande Jewova pou l fè nou jwenn moun ki gen kè sensè yo pou nou ka etidye Labib avèk yo. Si moun nou rankontre a poze nou yon kesyon, nou ka fè yon ti priyè tou kout nan kè nou, kote n ap mande Jewova pou l ede nou bay yon repons ki apwopriye (Ney. 2:4). Anplis de sa, nou ka mande Jewova pou l ban nou sajès pou nou ka toujou bay ministè a priyorite (Jak 1:5). Mete sou sa, sa fè Jewova plezi lè nou sèvi ak ekspresyon ki montre nou rekonesan pou privilèj nou genyen pou nou sèvi kòm minis li. —Kol. 3:15.

3. Nan ki sans priyè nou fè pou lòt moun ka kontribye pou fè travay predikasyon an avanse?

3 Priye pou lòt moun: Nou dwe “priye youn pou lòt”. Lè sa apwopriye, nou ka menm site non minis Bondye parèy nou nan priyè nou yo (Jak 5:16; Tra. 12:5). Lefètke sante nou ap bese, èske sa limite sa nou ka fè nan travay predikasyon an? Si se sa, priye pou minis Bondye ki gen bon sante yo. Pa janm souzestime fòs priyè nou fè pou yo a ka genyen. Anplis de sa, li bon pou nou priye pou otorite yo, pou yo pa opoze ak travay predikasyon an, yon fason pou frè nou yo “ka kontinye mennen yon vi ki kalm e ki trankil”. —1 Tim. 2:1, 2.

4. Poukisa nou dwe pèsevere nan lapriyè?

4 Rive anonse bon nouvèl la sou tout tè a se yon kokenn misyon. Si nou “pèsevere nan lapriyè”, n ap rive akonpli travay la grasa èd Jewova ban nou. —Wom. 12:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje