“Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès”
1. Ki jan kèk moun wè travay n ap fè a?
1 Pafwa, lè n ap anonse bon nouvèl la, gen kèk moun nou ka rankontre lakay yo ki mal reyaji, moun sa yo pa konprann travay n ap fè a oubyen yo pa byen enfòme konsènan travay Temwen Jewova ap fè a. Petèt se enfòmasyon ki pa kòrèk medya yo bay sou nou ki fè moun sa yo vin gen yon pwennvi negatif sou nou. Gen kèk kote, moun yo mete etikèt “sèk danjere” sou do nou. Ki jan nou dwe reyaji lè n ap fè fas ak kalite kritik sa yo?
2. Ki sa k ap ede nou pou nou pa dekouraje lè nou jwenn moun k ap kritike nou?
2 Kenbe yon etadespri pozitif: Souvan, nan premye syèk la, moun yo te montre yo pa t byen konprann aktivite Jezi ak lòt sèvitè Jewova yo te genyen nan ministè a, e moun sa yo te konn pale an mal de yo (Tra. 28:22). Sepandan, Jezi ak disip li yo pa t kite kritik sa yo fè yo wont akoz ministè a. Men sa Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” (Mat. 11:18, 19). Li te kontinye fè volonte Papa l avèk zèl, li te kwè moun ki vle vrèman jwenn laverite t ap wè enpòtans bon nouvèl la. Nou pap kite nou dekouraje lè nou sonje se menm jan an yo te trete pwòp Pitit Gason Bondye a.
3. Poukisa pawòl negatif moun yo ap di sou nou ak opozisyon n ap rankontre pa dwe fè nou sezi?
3 Jezi te fè konnen monn nan t ap rayi disip li yo menm jan yo te rayi l (Jan 15:18-20). Se poutèt sa, jodi a, pawòl negatif moun yo ap di sou nou ak opozisyon n ap rankontre pa dwe fè nou sezi. Anfèt, nou dwe atann pou nou fè fas ak bagay sa yo pi souvan ofiramezi n ap antre pi fon nan tan lafen an e ofiramezi Satan ap vin pi ankòlè (Rev. 12:12). Nou dwe rejwi nou paske bagay sa yo montre monn Satan an pral detwi talè konsa.
4. Si nou rankontre yon moun ki mal reyaji devan bon nouvèl la, ki sa nou ta dwe fè?
4 Reyaji avèk bonte: Lè nou rankontre yon moun ki mal reyaji, nou dwe toujou reponn li avèk bonte e avèk dousè (Pwo. 15:1; Kol. 4:5, 6). Lè n ap pale ak yon moun ki montre li sensè, si sitiyasyon an pèmèt sa, nou kapab fè l konprann gen anpil bagay moun yo ap di konsènan Temwen Jewova yo ki pa laverite oubyen nou kapab mande l poukisa li gen pwennvi sa a. Lefètke nou pale avè l avèk dousè, sa ka fè l mete an dout sa l te tande y ap di sou Temwen Jewova yo e sa ka fè l koute pwochèn fwa yon Temwen pase vizite l. Sepandan, si moun nou rankontre a fache anpil, l ap pi bon pou nou montre nou gen tak e pou nou deplase. Nou mèt sèten Jewova bay ministè nou an anpil enpòtans, kèlkeswa jan lòt moun konsidere nou. —Iza. 52:7.