Pwogram pou semèn 2 out
SEMÈN 2 OUT
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Wa 18-20
No 1: 1 Wa 18:21-29
No 2: Nan ki sans syèl la ak tè a ap pase? (Rev. 21:1)
No 3: Ki atitid endepandan nou dwe evite? (rs-F p. 193 § 3–p. 194 § 6)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Fason pou nou etann ministè nou — Katriyèm pati. Yon diskou ki baze sou liv Organisés a, soti nan paj 116, paragraf 1, rive nan dènye paragraf ki anba soutit “Volontaires pour la construction” an. Entèvyouwe youn oubyen de pwoklamatè ki te rann yo disponib pou yo travay nan konstriksyon Sal Wayòm, mande pou yo esplike jan yo te apresye privilèj yo te genyen pou yo sèvi nan fòm sèvis sa a.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Eksperyans ki montre fason nou ka kòmanse etid biblik. Konvèsasyon avèk oditwa a. Rakonte sa kongregasyon an te akonpli nan pwogram pou yo ofri moun yo nan tèritwa a etid biblik nan yon jou espesyal nan mwa a. Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans pa yo. Nou ka chwazi fè youn oubyen de demonstrasyon nan eksperyans ki pi enteresan yo. Pou fini, fè yon demonstrasyon sou fason nou ka kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun nan.