Pwogram pou semèn 9 out
SEMÈN 9 OUT
□ Etid biblik kongregasyon an:
cf chap. 8 § 18-22, kare p. 86
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Wa 21-22
No 1: 1 Wa 22:1-12
No 2: Lè espri endepandans mennen yon moun imite monn nan, anba kontwòl kiyès moun sa a vin ye? (rs-F p. 194 § 7-8)
No 3: Ki sa egzanp Eliya aprann nou sou lapriyè? (Jak 5:18)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Èske teyori evolisyon an vrèman syantifik? Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv Comment raisonner a, soti nan paj 144, paragraf 1, rive nan paj 148, paragraf 5. Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè lè yo itilize enfòmasyon sa a pou yo bay yon temwayaj nan lekòl oswa nan yon lòt okazyon.
10 min: Ki objektif espirityèl ou genyen? Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv Organisés a, soti nan paj 117, paragraf 1, rive nan fen chapit la. Envite moun nan oditwa a pou yo esplike fason paran yo oswa lòt moun te ede yo vin gen objektif pou yo antreprann sèvis aplentan.
10 min: “Yon dispozisyon pou minis kretyen yo.” Patisipasyon ak kesyon/repons. Anonse dat pou pwochen asanble sikonskripsyon an si nou konnen l. Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte byenfè yo te jwenn nan yon asanble sikonskripsyon ki te fèt pa twò lontan.