Pwogram pou semèn 23 out
SEMÈN 23 OUT
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Wa 5-8
No 1: 2 Wa 6:8-19
No 2: Poukisa anpil tradiksyon Labib pa itilize non Bondye oubyen se raman kèk tradiksyon itilize l? (rs-F p. 196 § 6–p. 197 § 4)
No 3: Ki jan dezi lachè ka tounen yon dye pou yon moun? (Fil. 3:18, 19)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Pandan mwa septanm lan, kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre yon moun nan predikasyon. Konvèsasyon avèk oditwa a. Pandan mwa septanm lan, n ap ofri liv Sa Labib anseye a e n ap fè efò pou n egzamine youn oubyen de paragraf ak moun nan depi premye fwa nou rankontre l. Egzamine kèk sijesyon sou fason nou ka rive fè sa. Fè youn oubyen de demonstrasyon sou prezantasyon sa yo.
20 min: “Ou kapab bay temwayaj enfòmèl!” — Premye pati. Patisipasyon ak kesyon/repons pou paragraf 1-8. Fè youn oubyen de demonstrasyon sou sijesyon yo bay yo.