Pwogram pou semèn 1ye novanm
SEMÈN 1ye NOVANM
□ Etid biblik kongregasyon an:
cf chap. 12 § 15-21, kare p. 127
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 1 Kwonik 16-20
No 1: 1 Kwonik 17:1-10
No 2: Èske lòt relijyon yo suiv sa Bib la di? (rs-F p. 398 § 3)
No 3: Kèk mizangad Bib la bay sou bagay vrè kretyen yo dwe kouri pou yo
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Nou andire anba divès eprèv. Yon diskou ki baze sou liv Organisés a, soti nan paj 176, paragraf 2, rive nan paj 178, paragraf 2. Fè yon entèvyou tou kout ak yon pwoklamatè sou sa k ede l rete zele nan ministè a malgre li gen gwo pwoblèm sante.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Prepare nou pou nou ofri peryodik yo pandan mwa novanm nan. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou sa ki nan peryodik yo. Apre sa, chwazi de oubyen twa atik, epi mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ka poze sou atik sa yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè demonstrasyon pou w montre jan pou yo ofri chak peryodik yo.