Pwogram pou semèn 29 novanm
SEMÈN 29 NOVANM
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Kwonik 6-9
No 1: 2 Kwonik 6:12-21
No 2: Poukisa yo pèsekite Temwen Jewova yo? (rs-F p. 401 § 3-4)
No 3: Kèk fason nou ka “kontinye venk mal la avèk byen” (Wom. 12:21)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: “Li trèzenpòtan pou minis ki zele yo lapriyè e pou yo medite.” Kesyon ak repons. Mande moun nan oditwa a pou yo esplike ki lè yo chwazi pou yo medite.
10 min: ‘N ap ofri yo bay Jewova.’ Diskou pou yon ansyen fè. Li baze sou Toudegad 15 novanm 2010, paj 20-21.
10 min: Prepare nou pou nou ofri peryodik yo nan mwa desanm nan. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou sa ki nan peryodik yo. Apre sa, chwazi de oubyen twa atik, epi mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ka poze sou atik sa yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè demonstrasyon pou w montre jan pou yo ofri chak peryodik.