Pwogram pou semèn 21 mas
SEMÈN 21 MAS
Kantik 47 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 1 § 10-17 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jòb 6-10 (10 min.)
No 1: Jòb 8:1-22 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Depi yon moun kwè nan Jezi Kris, èske sa sèlman sifi pou l sove? — rs-F p. 210 § 1 (5 min.)
No 3: Kòman nou ka suiv konsèy ki nan Matye 10:16 la? (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
15 min: Itilize Bib la lè n ap reponn moun yo. Konvèsasyon. Li baze sou liv École du ministère la, paj 143-144. Fè de demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap reponn yon kesyon yon moun ta ka poze nan tèritwa a. Nan premye demonstrasyon an, pwoklamatè a reponn kesyon an san l pa itilize Bib la. Nan dezyèm demonstrasyon an, li itilize Bib la pou l reponn kesyon moun nan te poze l la. Envite moun nan oditwa a pou yo bay rezon ki fè dezyèm demonstrasyon an te pi bon.
15 min: “N ap kòmanse distribye fich envitasyon pou Memoryal la 2 avril.” Kesyon ak repons. Distribye yon fich envitasyon Memoryal bay tout pwoklamatè yo e fè yon ti pale sou enfòmasyon ki nan fich la. Di ki dispozisyon nou pral pran pou n kouvri tout tèritwa kongregasyon an. Fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante fich envitasyon an.
Kantik 109 ak priyè