Pwogram pou semèn 28 mas
SEMÈN 28 MAS
Kantik 45 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 1 § 18-23, kare p. 12 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jòb 11-15 (10 min.)
No 1: Jòb 13:1-28 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Poukisa Jezi se “Seyè saba a”? — Mat. 12:8 (5 min.)
No 3: Èske Jezi te egziste nan syèl la anvan li te vin yon moun sou tè a? — rs-F p. 210 § 2-3 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons. Di ki piblikasyon n ap ofri nan mwa avril la, epi fè yon demonstrasyon pou nou montre jan pou nou fè yon nouvèl vizit ak yon moun ki te aksepte peryodik yo.
10 min: Soutni travay Wayòm nan lè nou bay kontribisyon ni pou kongregasyon nou ni pou travay mondyal la. Diskou. Li baze sou liv Organisés a, soti nan paj 127 rive nan paj 129, paragraf 2.
10 min: Prepare nou pou nou ofri peryodik yo nan mwa avril la. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w pale sou sa ki nan peryodik yo. Apre sa, chwazi de oubyen twa atik ladan yo epi mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ta ka poze moun yo e ki vèsè yo ta ka li ak yo lè y ap prezante sijè sa yo. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
10 min: “Èske gen yon lè ou te pyonye pèmanan?” Kesyon ak repons. Si gen yon pyonye ki te sispann sèvis la e ki rekòmanse lè sitiyasyon l chanje, nou ka fè yon entèvyou tou kout ak li. Mande l sa k te pèmèt li vin pyonye ankò? Ki benediksyon li jwenn?
Kantik 6 ak priyè