Pwogram pou semèn 18 avril
SEMÈN 18 AVRIL
Kantik 17 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 2 § 11-17 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jòb 28-32 (10 min.)
No 1: Jòb 30:1-23 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Si yon moun di w: “Ou pa kwè nan Jezi” — rs-F p. 212 § 3-5 (5 min.)
No 3: Rezon ki fè nou dwe reflechi anvan nou pale — Pwo. 16:23 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Lè moun mande w yon esplikasyon. Diskou. Li baze sou liv École du ministère la, paj 177, paragraf 2, pou rive nan fen paj 178. Fè yon demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap reponn yon kesyon kòlèg travay li poze l sou kwayans li. Pwoklamatè a fè yon ti reflechi sou fason li ka reponn kesyon an anvan l pale ak kòlèg la. Li fè yon monològ tou kout, epi apre sa, li reponn kesyon an.
10 min: Repons kesyon w yo. Konvèsasyon. Se yon ansyen ki pou fè l.
10 min: Metòd pou nou preche bon nouvèl la: Kay an kay. Konvèsasyon. Li baze sou liv Organisés a, paj 92, paragraf 3, rive nan paj 95, paragraf 2. Fè entèvyou ak youn oubyen de pwoklamatè ki preche kay an kay malgre difikilte yo genyen, tankou pwoblèm sante oubyen timidite. Mande yo ki jan Jewova rekonpanse yo pou bonjan efò yo fè yo.
Kantik 26 ak priyè