Pwogram pou semèn 9 me
SEMÈN 9 ME
Kantik 58 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 3 § 7-12 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 1-10 (10 min.)
No 1: Sòm 7:1-17 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Si yon moun di w: “Mwen aksepte Jezi kòm Sovè pèsonèl mwen” — rs-F p. 213 § 3 (5 min.)
No 3: Rezon ki fè Jezi te korije yon mesye ki te rele l “Bon Anseyan” — Mak 10:17, 18 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm (Travay 5:29). Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2011, paj 219, paragraf 4, rive nan paj 221, paragraf 2. Apre w fin pale sou chak eksperyans, envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou leson yo tire nan sa yo te aprann nan.
10 min: Èske w pa ta ka pyonye oksilyè pandan gran vakans lan? Konvèsasyon. Fè yon ti pale tou kout sou paj 112-113 nan liv Organisés a, kote yo egzamine kondisyon yon moun dwe ranpli pou l ka sèvi kòm pyonye oksilyè. Envite moun ki te sèvi ak vakans yo te genyen, swa nan lekòl yo oubyen nan travay yo pou yo pyonye oksilyè, pou yo di ki benediksyon yo te jwenn.
10 min: “Se pou limyè nou briye.” Kesyon ak repons. Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè kote bon konduit yo te genyen te pèmèt yo bay yon temwayaj.
Kantik 93 ak priyè