Pwogram pou semèn 20 jen
SEMÈN 20 JEN
Kantik 63 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 4 § 18-22, kare p. 50 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 45-51 (10 min.)
No 1: Sòm 48:1–49:9 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Èske Wayòm Bondye a se yon vrè gouvènman? — rs-F p. 335 § 1-2 (5 min.)
No 3: Piske lavi se yon kado Bondye bay, poukisa nou dwe travay pèsonèlman pou nou ka sove? — Wom. 6:23; Fil. 2:12 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Òf pou mwa jiyè a. Konvèsasyon. Fè yon rezime tou kout sou kèk sijè ki nan piblikasyon n ap ofri pou mwa jiyè a. Apre sa, fè youn oubyen de demonstrasyon sou fason nou ka prezante yo.
10 min: Nan bouch timoun piti (Mat. 21:15, 16). Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2011 paj 53, paragraf 3 ak paj 58, paragraf 1-2. Apre w fin pale sou chak eksperyans, envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou leson yo tire nan sa yo te aprann.
10 min: “Bay temwayaj nan lari yon fason efikas.” Kesyon ak repons. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Adapte sijè a pou tèritwa kongregasyon an. Fè yon demonstrasyon tou kout sou youn oubyen de pwen nan sijè a.
Kantik 107 ak priyè