Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 jen 2011, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou sijè yo te egzamine nan asiyasyon yo te bay soti nan semèn 2 me pou rive 27 jen 2011.
1. Lefètke Jewova te mande Jòb pou l priye pou moun ki te peche kont li yo, ki leson nou kapab aprann nan sa? (Jòb 42:8) [w98-F 15/8 p. 30 § 5]
2. Ki “sakrifis jistis” kretyen yo gen pou yo ofri jodi a? (Sòm 4:5) [w06 1/6 p. 8 § 9]
3. Ki jan ren David te korije l? (Sòm 16:7) [w04 1/12 p. 23 § 9]
4. Nan ki sans “syèl la ap pwoklame glwa Bondye”? (Sòm 19:1) [w04 1/10 p. 23 § 8]
5. Selon Sòm 27:14, ki relasyon ki genyen ant esperans ak kouraj? [w06 1/10 p. 28-29 § 3, 6]
6. Ki jan Sòm 37:21 touche relasyon nou genyen ak frè nou yo? [w88-F 15/8 p. 17 § 8]
7. Ki leson sou apresyasyon nou kapab aprann nan ka yon Levit ki te ann egzil? (Sòm 42:1-3) [w06 1/7 p. 9 § 3]
8. Ki sa k ka ede n kiltive lanmou pou sa ki jis e pou nou rayi mechanste? (Sòm 45:7) [cf p. 58-59 § 8-10]
9. Ak ki “espri byen dispoze” David te mande pou yo soutni l? (Sòm 51:12) [w06 1/7 p. 9 § 10]
10. Ki jan nou ka fè vin tankou yon pye oliv nan mezon Bondye a? (Sòm 52:8) [w00-F 15/5 p. 29 § 6]