“Ki kantite lè m dwe mete sou rapò sèvis la?”
Èske w janm poze tèt ou kesyon sa a? Nou kapab jwenn enstriksyon sou sa nan liv Organisés a, nan paj 86-87. Pafwa gen lòt enstriksyon yo bay sou sa, tankou sa nou jwenn nan ‘Repons kesyon w yo’ nan Ministè Wayòm septanm 2008 la. Piske sikonstans yo pa toujou menm, yo pa ban nou yon lis règ ki long sou fason pou nou kontwole lè nou fè. Se sa k fè, li pa apwopriye pou ansyen yo oubyen lòt moun bay lòt direktiv sou sa.
Si yon moun soulve yon kesyon e pa gen direktiv ki pibliye sou sa l mande a, men kèk kesyon chak pwoklamatè bezwen poze tèt yo: Èske se nan travay predikasyon an m te pase tan an? Oubyen èske m te pase l nan yon lòt aktivite ki pa gen rapò ditou ak travay predikasyon an? Sa nou ekri sou rapò sèvis nou, konsènan travay predikasyon an chak mwa pa dwe twouble konsyans nou, okontrè se lajwa li dwe ban nou (Tra. 23:1). Natirèlman, premye sousi nou se pa ki jan pou nou konte lè, men ki jan pou nou byen itilize tan nou pase nan travay predikasyon an ak travay fè disip la. — Ebre 6:11.