Pwogram pou semèn 18 jiyè
SEMÈN 18 JIYÈ
Kantik 98 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 5 § 18-23, kare p. 61 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 74-78 (10 min.)
No 1: Sòm 77:1-20 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Kèk bagay nou ka fè pou nou opoze ak Dyab la — Jak 4:7 (5 min.)
No 3: Wayòm Bondye a pral fè non Jewova vin sen — rs-F p. 336 § 4–p. 337 § 1 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
15 min: Ki sa nou aprann? Konvèsasyon. Li Jan 4:3-24 epi fè kòmantè sou li. Egzamine kòman nou ka imite Jezi nan travay predikasyon n ap fè a. Apre sa, fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap bay temwayaj enfòmèl nan yon kad ki reyalis.
15 min: “Èske pitit ou pare?” Kesyon ak repons. Envite paran yo ak jèn yo site kèk difikilte jèn kretyen yo jwenn lekòl. Apre nou fin egzamine paragraf 3, fè yon demonstrasyon kote yon papa ap fè repetisyon ak pitit li, l ap jwe wòl yon pwofesè e pitit la ap esplike l poukisa li pa kapab patisipe nan yon aktivite li konnen ki pa bon oubyen fè yon devwa ki pa ann amoni ak prensip biblik yo.
Kantik 91 ak priyè