Chif enteresan nan rapò sèvis la
Nou te atenn yon nouvo maksimòm nan kantite pwoklamatè nou te genyen nan mwa fevriye a, se te 16 324 pwoklamatè, se premye fwa nou atenn chif sa a. Te gen lòt nouvo maksimòm nou te anrejistre nan etid biblik nou kondui avèk lòt moun, se te 36 396 etid biblik, e nou te atenn 13 802 pwoklamatè (pyonye yo pa ladan l). Li ankourajan pou nou remake te gen 39 pousan akwasman nan kantite etid biblik nou te kondui yo parapò ak mwa fevriye ane pase, e te gen 29 pousan akwasman nan kantite nouvèl vizit nou te fè pou mwa sa a.