Pwogram pou semèn 8 out
SEMÈN 8 OUT
Kantik 44 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 6 § 6-10 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 92-101 (10 min.)
No 1: Sòm 94:1-23 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Wayòm Bondye a pral fè tout moun jwenn manje e li pral retire maladi — rs-F p. 338 § 4-6 (5 min.)
No 3: Fè atansyon ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun — Mat. 13:22 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Montre bonjan enterè pou moun n ap preche yo. Diskou. Li baze sou liv École du ministère la, paj 186 rive nan paj 187, paragraf 5. Fè yon demonstrasyon tou kout sou youn oubyen de pwen yo pale nan sijè a.
10 min: Eksperyans ki montre fason pou nou kòmanse etid biblik. Konvèsasyon. Se siveyan sèvis la k ap fè l. Felisite kongregasyon an paske yo soutni dispozisyon yo pran pou nou kòmanse etid biblik nan premye samdi nan mwa a. Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè. Fè youn oubyen de demonstrasyon sou eksperyans ki pi enteresan yo.
10 min: “Se pou non Bondye sen.” Kesyon ak repons. Anonse dat pwochen asanble sikonskripsyon an si nou konnen l.
Kantik 112 ak priyè