Pwogram pou semèn 29 out
SEMÈN 29 OUT
Kantik 33 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 6 § 21-25, kare p. 75 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 110-118 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Sèvi ak modèl prezantasyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè yon demonstrasyon sou fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa septanm nan. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a. Fè yon diskou kote n ap egzamine tit sa a: “Ofri moun yo yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese yo.”
15 min: Yo zele, malgre yo gen anpil laj. Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2011, paj 61, paragraf 1-2; paj 67, paragraf 1; paj 136, paragraf 1-2. Envite moun nan oditwa a fè kòmantè sou leson yo tire nan sa yo aprann nan.
10 min: Prepare nou pou n ofri peryodik yo nan mwa septanm nan. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w pale sou sa ki nan peryodik yo. Aprè sa, chwazi de oubyen twa atik ladan yo epi mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ta ka poze moun yo e ki vèsè yo ta ka li ak yo lè y ap prezante sijè sa yo. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
Kantik 122 ak priyè