Pwogram pou semèn 26 septanm
SEMÈN 26 SEPTANM
Kantik 101 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 7 § 19-23 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Sòm 142-150 (10 min.)
No 1: Sòm 144:1–145:4 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Èske Wayòm Bondye a te kòmanse dirije nan premye syèk la? — rs-F p. 341 § 4-6 (5 min.)
No 3: Poukisa nou pa dwe nan “paspouki”? — Jak 2:1-4 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Fè yon ti pale sou sijè ki gen tit: “Yon fason nou ka sèvi ak bwochi La Bible — Quel est son message?” Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 4 la pou nou fè yon demonstrasyon sou fason pou nou kòmanse yon etid samdi 1ye oktòb. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a.
10 min: Repons kesyon w yo. Konvèsasyon. Fè kèk kòmantè ki baze sou Ministè Wayòm mas 2005, paj 4.
15 min: Prepare nou pou nou ofri peryodik yo nan mwa oktòb la. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w atire atansyon moun nan oditwa a sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, gade chak atik, fè yon ti pale sou fason nou ta ka prezante de oubyen twa ladan yo. Ansuit, mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ta ka poze k ap enterese moun yo e ki vèsè yo ta ka li ak yo lè y ap prezante sijè sa yo. Kòm Réveillez-vous! oktòb la se yon nimewo espesyal, envite moun nan oditwa a pou yo di ki moun peryodik sa a ka enterese e ki sa nou ka fè pou nou distribye l bay plis moun posib. Fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante chak peryodik.
Kantik 41 ak priyè