Chif enteresan nan rapò sèvis la
Pandan mwa avril la, 6 185 pyonye oksilyè te ini vwa yo ak lòt pyonye ki nan lemonnantye pou yo bay Jewova louwanj. Nan mwa sa a, karant nèf pousan pwoklamatè ann Ayiti te swa pyonye oksilyè swa nan yon fòm sèvis aplentan. Anplis, nan mwa avril la, pou premye fwa nan istwa teyokratik peyi d Ayiti nou te atenn 17 009 pwoklamatè. Total asistans Memoryal la se te 89 452 moun, se pi gwo chif nou atenn ann Ayiti. Nou tout merite felisitasyon pou bèl travay nou te fè nan mwa sa a.