Pwogram pou semèn 10 oktòb
SEMÈN 10 OKTÒB
Kantik 44 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 8 § 1-7 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Pwovèb 7-11 (10 min.)
No 1: Pwovèb 8:1-21 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Si yon moun di w: “Wayòm Bondye a pap vini pandan m vivan an” — rs-F p. 342 § 4-5 (5 min.)
No 3: Rezon ki fè Bib la avèti nou kont tandans pou nou “vin jis aleksè” — Ekl. 7:16 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
15 min: Èske nou te itilize yo? Konvèsasyon. Pou w kòmanse, fè yon ti pale tou kout sou sijè sa yo ki te parèt nan Ministè Wayòm nan pa gen twò lontan. Men tit yo: “Èske w ka patisipe nan ministè a jou dimanch?” (km 5/11) ak “Bay temwayaj nan lari yon fason efikas” (km 6/11). Apre sa, envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo te aplike sijesyon yo te bay nan sijè sa yo epi mande yo ki byenfè yo te jwenn.
15 min: “Ede moun nou rankontre a rezone.” Kesyon ak repons. Apre nou fin egzamine paragraf 3 a, fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap reponn yon kesyon yon moun poze l oubyen yon objeksyon yon moun fè, pwoklamatè a pale yon fason kategorik, li pa kite moun nan bay opinyon pa l. Apre sa, fè yon lòt demonstrasyon kote pwoklamatè a ap reponn menm kesyon an oubyen menm objeksyon an men fwa sa a li rezone ak moun nan.
Kantik 102 ak priyè