Pwogram pou semèn 26 mas
SEMÈN 26 MAS
Kantik 92 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 12 § 23-26, kare p. 152 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jeremi 12-16 (10 min.)
No 1: Jeremi 13:1-14 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Lè soupe Senyè a, kiyès ki gen dwa manje pen an e ki gen dwa bwè divan an?— rs-F p. 243 § 3-4 (5 min.)
No 3: Konbyen fwa nou dwe selebre Memoryal la nan yon ane, e nan ki dat nou dwe fè sa? — rs-F p. 244 § 3–p. 245 § 1 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons. Fè moun nan kongregasyon an konnen ki kantite tèritwa ki poko resevwa fich envitasyon Memoryal la.
10 min: Pa bliye montre nou akeyan. (Ebre 13:1, 2) Diskou. Se yon ansyen ki pou fè l. Fè yon ti pale sou dispozisyon yo pran pou Memoryal la. Fè kèk sijesyon sou sa tout moun ka fè pou yo byen akeyi vizitè ak pwoklamatè inaktif ki vin asiste Memoryal la. Fè yon demonstrasyon tou kout ki gen de pati. Nan premye pati a, montre yon pwoklamatè k ap akeyi yon moun ki vin asiste Memoryal la anvan pwogram nan kòmanse. Moun nan te resevwa yon fich envitasyon pandan kanpay la. Nan dezyèm pati a, montre menm pwoklamatè a k ap pran randevou ak moun nan apre Memoryal la pou l pousuiv enterè moun nan demontre.
20 min: “Mèvèy ki gen nan kreyasyon an fè moun wè glwa Bondye.” Kesyon ak repons. Sèvi ak enfòmasyon ki nan premye paragraf la pou w fè yon entwodiksyon tou kout epi sèvi ak enfòmasyon ki nan dènye paragraf la pou w fè yon konklizyon tou kout. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte jan DVD sa a te itil yo lè yo te fin gade l. Fè yon ti pale sou fason nou ka sèvi ak videyo sa a nan ministè a.
Kantik 110 ak priyè