Pwogram pou semèn 23 avril
SEMÈN 23 AVRIL
Kantik 45 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 13 § 21-22, kare p. 162 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jeremi 29-31 (10 min.)
No 1: Jeremi 31:15-26 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Èske Bondye atann pou kretyen yo kontinye obsève yon jou saba chak semèn? (5 min.)
No 3: Èske se toutbon Mari te vyèj lè l te fè Jezi? — rs-F p. 231 § 1-2 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la, epi mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun nan tèritwa a e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a epi si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan Toudegad la oubyen ki nan Réveillez-vous! a. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
25 min: “Nan kongrè distri yo, yo bay yon gwo temwayaj sou laverite.” Kesyon ak repons. Egzamine pwen ki aplikab pou kongregasyon an nan “Rapèl pou kongrè distri 2012 la”. Lè n ap egzamine paragraf 9 la, mande siveyan sèvis la pou l esplike dispozisyon yo pran pou nou distribye fich envitasyon pou kongrè a nan tèritwa a.
Kantik 119 ak priyè