Pwogram pou semèn 30 jiyè
SEMÈN 30 JIYÈ
Kantik 131 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 2 § 1-10, kare p. 7 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 21-23 (10 min.)
No 1: Ezekyèl 23:35-45 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Jis nan ki pwen Bondye renmen lèzòm? — Jan 3:16; Wom. 8:38, 39 (5 min.)
No 3: Kèk vèsè biblik ki montre atitid yon kretyen dwe genyen nan zafè lagè — rs-F p. 264 § 3–p. 265 § 3 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 8 la pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa out la.
25 min: “Nou ka bezwen chèche anvan nou preche.” Kesyon ak repons. Se siveyan sèvis la ki pou fè l. Atire atansyon moun yo sou fason nou ka aplike konsèy yo bay yo nan tèritwa a. Si kongregasyon an ap soutni yon gwoup lang etranje oubyen si kongregasyon an oblije chèche pou l jwenn moun ki pale menm lang ak moun nan kongregasyon an, lè n ap egzamine paragraf 5 lan fè yon demonstrasyon sou sa pwoklamatè yo ka di lè y ap chèche moun nan tèritwa a.
Kantik 92 ak priyè