Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie; Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?; Kontinye veye!; La Bible — Quel est son message?; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Ou kapab vin zanmi Bondye!; Un livre pour tous. Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik.
◼ Apati 1ye out n ap gen posiblite telechaje mizik Ann chante pou Jewova — Vèsyon koral, CD 5 lan sou sit wèb jw.org la. L ap disponib ann anglè anvan e kèk tan apre l ap disponib nan plizyè lòt lang. Nou ka fè kòmann CD odyo yo nan kongregasyon nou. Etandone li pi ekonomik pou òganizasyon an lè moun telechaje fichye sou sit wèb la pase lè òganizasyon an fabrike CD yo, epi pou l transpòte yo, nou ankouraje moun ki ka telechaje yo sou sit wèb la pou yo fè sa. CD 1-4 deja disponib sou sit la.