Pwogram pou semèn 6 out
SEMÈN 6 OUT
Kantik 60 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 3 § 1-8 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 24-27 (10 min.)
No 1: Ezekyèl 24:15-27 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Nan ki sikonstans Bondye te pèmèt Izrayelit yo al nan lagè? — rs-F p. 265 § 4–p. 266 § 4 (5 min.)
No 3: Èske pawòl ki nan Ezekyèl 18:20 an kontredi pawòl ki nan Egzòd 20:5 lan? (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Èske w prepare pou nouvo ane lekòl la? Konvèsasyon. Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou kèk nan difikilte jèn kretyen yo ap rankontre nan lekòl yo. Esplike fason paran yo, pandan sware adorasyon an fanmi an, ka sèvi ak Index la, ak liv Les jeunes s’interrogent yo ansanm ak lòt zouti òganizasyon an mete a dispozisyon nou pou yo prepare pitit yo pou yo reziste devan tantasyon e pou yo defann lafwa yo (1 Pyè 3:15). Chwazi youn oubyen de sijè nan piblikasyon sa yo ki ka itil paran yo, epi pale sou kèk enfòmasyon nou jwenn ladan yo. Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo te rive bay temwayaj pandan yo te lekòl.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo ann out. Konvèsasyon. Pran 30 segonn oubyen 60 segonn pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la, epi mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun nan tèritwa a e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a epi si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan Toudegad la oubyen ki nan Réveillez-vous! a. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
Kantik 97 ak priyè