Pwogram pou semèn 13 out
SEMÈN 13 OUT
Kantik 63 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 3 § 9-17 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 28-31 (10 min.)
No 1: Ezekyèl 28:17-26 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ann fè diferans ant sa ki verite ak sa ki pa verite sou Jezi Kris (5 min.)
No 3: Ki vèsè biblik ki enfliyanse pwennvi kretyen yo nan zafè mele nan politik? — rs-F p. 267 § 1-5 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons.
10 min: Ann poze baz pou yon nouvèl vizit. Konvèsasyon. Li baze sou kesyon ki pi ba yo: 1) Poukisa li bon pou nou poze baz pou yon nouvèl vizit depi premye fwa nou rankontre yon moun, e kòman nou ka fè sa? 2) Ki jan nou ka chwazi yon kesyon k ap enterese moun nou rankontre a pou nou reponn nan pwochen vizit la? 3) Poukisa li bon pou nou antann ak moun nan sou lè n ap tounen fè vizit la, epi si posib, pou nou pran nimewo telefòn moun nan oubyen adrès imel li? 4) Poukisa nou dwe fè efò pou nou retounen byen vit, petèt nan dezoutwa jou? 5) Ki enfòmasyon nou dwe ekri nan kanè nòt nou apre nou fin pale ak moun nan premye fwa a?
10 min: Fè entèvyou ak youn oubyen de sèvitè aplentan. Mande yo: Ki sa ki te ankouraje yo antre nan sèvis aplentan? Ki difikilte yo jwenn pou yo kontinye rete nan sèvis la, e ki sa ki pèmèt yo rete ladan l? Ki benediksyon yo jwenn? Ankouraje pwoklamatè yo pou yo reflechi sou posiblite pou yo pran sèvis pyonye pèmanan pandan ane sèvis k ap vini an.
10 min: “Pwoteje konsyans ou.” Kesyon ak repons. Bay dat pwochen jounen asanble espesyal la si nou konnen l.
Kantik 65 ak priyè