Pwogram pou semèn 4 mas
SEMÈN 4 MAS
Kantik 62 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 5 § 17-22 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Mak 9-12 (10 min.)
No 1: Mak 11:19–12:11 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Apre yon moun fin mouri, èske li dwe sibi lòt pinisyon pou peche li te fè? — rs-F p. 293 § 6–p. 294 § 3 (5 min.)
No 3: Poukisa lè yon moun vwe lavi l bay Bondye sa fè l kontan? — Tra. 20:35 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou n ofri peryodik yo nan mwa mas la. Konvèsasyon. Mande moun nan oditwa a pou yo fè ti pale sou kesyon sa yo: Lè n ap distribye fich envitasyon Memoryal la nan wikenn, ki bagay nou dwe pran an konsiderasyon pou n ka konnen si n ka tou ofri yon moun peryodik yo? Ki sa nou ka di pou n fè pon ant envitasyon an ak prezantasyon peryodik yo? Menmsi gen yon kesyon ak yon vèsè biblik nan modèl prezantasyon yo, ki sa nou ka fè pou prezantasyon an ka pi kout? Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik ansanm ak fich envitasyon an.
10 min: Byen pwofite bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2013. Konvèsasyon. Fè yon ti pale sou tèks pou ane 2013 la ak kòmantè yo fè sou li nan paj 3-4, egzamine paj 5 lan ki gen tit “Fason pou w sèvi ak bwochi sa a”. Apre sa, envite moun nan oditwa a pou yo di ki lè yo chwazi pou yo egzamine tèks pou jounen an epi ki byenfè yo jwenn. Pou fini, ankouraje tout moun pou yo egzamine tèks la chak jou.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
Kantik 119 ak priyè