Pwogram pou semèn 27 me
SEMÈN 27 ME
Kantik 6 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 9 § 19-24, kare p. 73 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jan 12-16 (10 min.)
No 1: Jan 12:20-36 (4 minit oubyen mwens)
No 2: An favè kiyès sakrifis Jezi a aplikab an premye e pou ki rezon? — rs-F p. 302 § 1-2 (5 min.)
No 3: Poukisa li apwopriye pou yo rele Jewova “Bondye ki bay lapè a”? — Wom. 15:33 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Ann kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa a. Diskou. Fè yon demonstrasyon pou nou montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa jen an. Sèvi ak atik ki nan do Toudegad la. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a.
15 min: Wouze semans nou te plante yo (1 Kor. 3:6-9). Konvèsasyon. Li baze sou kesyon sa yo: 1) Ki sa ou renmen nan aktivite fè nouvèl vizit la? 2) Ki sa kèk moun twouve ki difisil nan fè nouvèl vizit? 3) Ki sa yo ka fè pou yo venk difikilte sa a? 4) Ki sa nou ka fè pou nou jwenn èd si nou wè li difisil pou nou fè nouvèl vizit? 5) Ki metòd ou itilize pou w sonje moun ki enterese, pou w sonje sijè ou te pale ak yo, piblikasyon ou te kite pou yo ak lòt detay ankò? 6) Ki sa w fè pou w prepare nouvèl vizit ou yo? 7) Poukisa li bon pou nou pwograme tan chak semèn pou nou fè nouvèl vizit?
10 min: “Sèvi ak videyo yo lè n ap fè etid ak moun.” Konvèsasyon. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte byenfè yo te jwenn lefètke yo te gade videyo nou yo anvan yo te vin Temwen.
Kantik 101 ak priyè