Pwogram pou semèn 16 septanm
SEMÈN 16 SEPTANM
Kantik 21 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 15 § 8-12, kare p. 118 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Korentyen 1-7 (10 min.)
No 1: 2 Korentyen 1:15–2:11 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki diferans ki genyen ant reyenkanasyon ak esperans nou jwenn nan Bib la? — rs-F p. 308 § 4–p. 309 § 1 (5 min.)
No 3: Ki sa yon moun dwe fè pou l pran refij nan non Jewova? — Sef. 3:12 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Jèn, ki sa w ap fè ak lavi w? — Dezyèm pati. Diskou. Li baze sou feyè Votre vie a, soti nan paragraf 10 rive nan fen feyè a. Fè yon entèvyou tou kout ak yon pwoklamatè ki te antre nan sèvis aplentan depi l te jèn. Ki sa k te pouse l pran desizyon sa a? Ki benediksyon li jwenn?
10 min: Lè n ap patisipe nan ministè a poukont nou. Konvèsasyon. 1) Lè n ap preche san patnè, ki sa k ap ede n kenbe jwa nou? 2) Ki prekosyon nou dwe pran lè n ap fè vizit poukont nou? 3) Si pa gen pwoklamatè ki vin nan randevou predikasyon jou nou pwograme pou n preche yo, ki sa nou ka fè pou n ankouraje lòt pwoklamatè soti avè nou? 4) Ki avantaj sa genyen lè nou chwazi preche poukont nou yon kote ki pa reprezante yon danje e nou fè sa nan yon moman ki apwopriye?
10 min: “Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?” Kesyon ak repons. Fè yon ti pale sou fason yo prezante enfòmasyon ki nan bwochi a epi site kèk bagay ki ladan l. — Gade Ministè Wayòm mas 2013, paj 3.
Kantik 107 ak priyè