Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa septanm ak oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Sa Labib anseye a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Novanm ak desanm: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn Verite a?, Jéhovah: qui est-il?, Jésus Christ: qui est-il?, Tout soufrans pral fini talè konsa! Si moun nan enterese, sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2014 la nan semèn 21 avril. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen ki gen yon asanble nan wikenn sa a ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 21 avril.
◼ Apati semèn 28 oktòb, nan plas liv “Bay temwayaj” la, n ap etidye bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? nan etid biblik kongregasyon an. Lè nou fini ak bwochi a, n ap etidye liv Annou pwoche bò kote Jewova a. N ap kòmanse ak liv la nan semèn 6 janvye 2014. Kongregasyon yo bezwen fè demann piblikasyon sa yo nan pwochen demann y ap fè.