Pwogram pou semèn 7 oktòb
SEMÈN 7 OKTÒB
Kantik 92 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 16 § 1-7, kare p. 128 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Efezyen 1-6 (10 min.)
No 1: Efezyen 4:1-16 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki sa chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye vle di? — Mat. 6:33 (5 min.)
No 3: Èske se vre gen bon bagay nan tout relijyon? — rs-F p. 311 § 3-5 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa oktòb la. Konvèsasyon. Pran ant 30 a 60 segonn pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun nan oditwa a sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la. Mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou Réveillez-vous! a. Si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan yon lòt peryodik. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
10 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Moun k ap travay di yo (1 Tes. 5:12, 13). Fè entèvyou ak de ansyen. Ki privilèj yo gen nan kongregasyon an? Ki lòt privilèj teyokratik yo genyen? Ki jan yo fè pou yo akonpli responsablite sa yo malgre y ap travay e yo gen yon fanmi pou yo pran swen? Ki sa yo fè pou yo bay ministè a priyorite? Ki jan fanmi yo soutni yo?
Kantik 123 ak priyè